Mwen renmen Fanm Sa! # Pou tout Manman konsekan#

Saturday, May 28, 2011 0 comments

Jean Jean Baptiste


Se pa voye monte map fè
E ni tou, mwen pa kwè
Gen de konsa sou latè
Ki fè sou mwen yon si gwo efè
Avè li, mwen mache tèt anlè
E menm si pòch mwen vid, zafè
Paske li gen tout sa ki nesesè
Kalite, fidelite, lajan ; bon, sa ki ka fèm pè ?



Se yon bèl ti fanm kreyòl,
Koulè kafe, dan nannan kowosòl
Ak tout garanti sou kòl,
Menm a 40 an, kòl ap rete fèm tankou tòl.
                                                                      
Fanm sa se yon bousòl
Lè lavim ap pèdi kontwòl
Lè solèy desepsyon lavi sou latè
Fèm fennen, boulem kon yon chouchòl
Se fanm sa ki sèvim kòm parasòl.

Fanm sa map pale a,
Li genyen dèyè li tout yon istwa
Li pa soti an Ewòp, ni an Amerika
Li pat pitit yon wa, ni yon boujwa
Men se yon desandan Afrika
Pitit, pitit ‘Ayiti toma’
Se la a, nan ti bouk Lenbe a
Yon ti komin ki nan nò a.

Kwèm si ou vle, se yon echantiyon fanm dayiti
Fanm ki gen fanm nan yo, ki pa pè soufri
Fanm ki pran brimad, men ki bat ak lavi
Ki bat dlo pou fè bè, ki konn mare senti
Fanm ki pa bezwen gen mari, pou edike pitit li
Ayayay fanm peyim ! menm le nou piti,
Nou gen fyèl, pwoblèm pa fèn leve kouri.



Aprè Bondye, fanm sa, se li ki kreyem
Se konprès sou tèt mwen, lè lavi ap toumantem
Se toujou li ki la pou seche dlo nan zyem
Konprann mwen, edem e dolotem
Li se linèt nan zyem
Sèl fanm mwen parye ki pap janm kitem
Si li pat egziste, tone boulem
Lasosyete pa tap gen ‘sèso’ pou kokem


Sa map di la, se pa djòlè
Depi menm jou li lagem sou latè
Li pa konen chalè, li pa konen frechè
Li wè tout jou nèt òdinè
Sèl sa ki rive fè li fyè
Se wè nou pa rete dèyè
Non plis nan sosyete, a nou pa bèbè
O kontrè, nou pale ‘libelibè’

Fanm sa map pale a, mwne vle ba li tanm
Pou imaj li toujou devanm
Se yon fanm tout bon, se yon fanm ki janm
Fèl viv pou Bondye, konsève li nan kèranm
Pou mwen ba li ochan kòm fanm peyi ranm
Fanm bitasyonm , fanm lakay anm
Fanm sa, fanm sa, se manmanm!
   
  Copyright © 2011 Jean Jean-Baptiste. All Rights Reserved

0 comments: